Ekri pa avoka imigrasyon ekspè ASAP yo · Mizajou
Èske se pa kote ou rete a? Chèche yon lòt eta.
Men kèk enfòmasyon enpòtan:
Moun k ap chèche azil ki gen yon pemi travay ki valid elijib pou yo gen lisans chofè nan Rhode Island, sa gen ladan l lisans chofè REAL ID! Pou plis enfòmasyon sou kondisyon yo, li pi ba a.
Tout lòt imigran elijib tou pou yo gen lisans chofè nan Rhode Island – menmsi ou pa gen yon pemi travay oswa okenn estati imigrasyon! Pou plis enfòmasyon sou kondisyon yo, klike sou lyen sa a nan paj entènèt Rhode Island lan epi nan òganizasyon United We Dream.
Nan pifò eta yo, pou ou resevwa yon lisans chofè, ou bezwen: pase yon tès ekri, pase yon tès kondwi, pase yon tès vizyon, peye yon frè, epi pote dokiman pou montre ou elijib.
Lisans chofè pou moun k ap chèche azil ki gen pemi travay
Moun k ap chèche azil ki gen pemi travay ki valid elijib pou yo gen lisans chofè nan Rhode Island!
W ap bezwen:
yon pemi travay ki valid
yon nimewo social security (SSN) (ou pa bezwen pote kat fizik la toutotan ou konnen nimewo a)
2 dokiman pou montre adrès lakay ou nan Rhode Island
Pou plis enfòmasyon sou kondisyon yo ak frè yo nan Rhode Island.
Èske mwen ta dwe pote lòt dokiman imigrasyon ki pa nan lis ki pi wo a?
Anplis kat pemi travay ou a, li ka itil pou ou pote prèv ki montre aplikasyon azil ou a toujou ankou – pa egzanp, lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) pou azil ou a oswa yon avi pou yon randevou k ap vini nan tribinal imigrasyon.
Si ou te aplike pou renouvle pemi travay ou, ou ka pote receipt notice pou aplikasyon renouvèlman ou an tou. Si ou te aplike pou renouvle pemi travay ou anvan kat ou genyen kounye a te ekspire, receipt notice ou a se yon prèv ki montre pemi travay ou a toujou valid pou 540 jou apre dat ekspirasyon ki ekri sou li a.
Ki dokiman mwen ta dwe pote pou montre adrès lakay mwen nan eta a?
Pou pwouve ou rete nan eta a, w ap bezwen pote dokiman ofisyèl ki montre adrès lakay ou ak non konplè ou. Kèk egzanp komen gen ladan bòdwo sèvis piblik resan (tankou yon bòdwo elektrisite), kontra lokasyon, ak dosye lekòl ofisyèl.
Anjeneral, se yon bon lide pou ou pote plizyè dokiman diferan avèk ou, nan ka yo pa ta aksepte kèk ladan yo.
Ki kote pou m ale pou m aplike pou yon lisans chofè?
Biwo kote ou aplike pou yon lisans chofè a anjeneral rele “Department of Motor Vehicles,” oswa “DMV,” men li ka gen yon non ki yon ti jan diferan tou. Tape non eta ou a ak “Department of Motor Vehicles” nan yon navigatè entènèt tankou Google pou jwenn kote yo ye ak enfòmasyon ki pi resan yo.
E si mwen pote tout dokiman mwen bezwen yo men yo di m mwen pa ka jwenn yon lisans chofè?
Si ou se yon moun k ap chèche azil ki gen yon pemi travay ki valid epi ou gen tout dokiman yo mande yo, nou rekòmande pou ou eseye ankò. Ou ka eseye ale nan yon lòt biwo DMV nan eta ou a, oswa menm eseye pale ak yon lòt anplwaye nan menm DMV a.
Kisa mwen bezwen fè ankò, anplis pote dokiman yo?
Nan pifò eta yo, pou ou resevwa yon lisans chofè, ou bezwen tou:
pase yon tès ekri, ki ka disponib nan plizyè lang
pase yon tès kondwi, ki ka mande pou ou pote yon machin
pase yon tès vizyon
peye yon frè
Ka gen lòt kondisyon tou, epi ou ta dwe tcheke sit entènèt eta ou a!
Èske mwen kapab kondui nan yon lòt eta ak lisans mwen?
Ou kapab kondui nan nenpòt eta Ozetazini ak yon lisans REAL ID ki valid.
Men, si ou gen yon lisans ki pa yon REAL ID, yo ka pa aksepte l nan Florida, New Hampshire, Tennessee, ak Wyoming. Si ou gen youn, konsidere pale ak yon avoka anvan ou kondui nan eta sa yo.
Mwen gen tout dokiman yo, men mwen pa kondui. Èske mwen kapab toujou jwenn yon kat idantite eta a?
Si ou pa vle kondui oswa si ou pa pare pou pase tès lisans yo, men ou toujou vle yon kat idantite eta a, ou kapab eseye aplike pou yon kat idantite eta a pito. Pifò eta mande menm kalite dokiman pou kat idantite eta a ak pou lisans. An jeneral, ou kapab aplike pou yon kat idantite eta a nan menm biwo kote ou aplike pou yon lisans lan.
Èske mwen kapab jwenn yon lisans REAL ID?
Wi. Nan Rhode Island, ou kapab aplike pou yon lisans REAL ID ak menm dokiman ki nan lis anwo a.
Tanpri pran nòt (Note): Apati 7 me 2025, granmoun ki gen 18 an oswa plis ap bezwen yon pyès idantite ki satisfè egzijans REAL ID pou yo vwayaje nan avyon anndan peyi Etazini. Pa egzanp, ou kapab itilize yon kat pemi travay, yon paspò Etazini oswa yon lòt peyi, oswa yon lisans ki konfòm ak REAL ID (sa yo gen yon zetwal nan kwen anwo kat la). Ou kapab wè yon lis konplè pyès idantite yo aksepte isit la epi repons pou kesyon moun poze souvan isit la.
Èske mwen kapab jwenn yon lisans pou chofè komèsyal (CDL)?
Non. Depi 16 mas 2026, gouvènman ameriken an bloke moun k ap chèche azil ak lòt imigran pou yo pa resevwa nouvo lisans pou chofè komèsyal, ki se lisans espesyal pou kondui gwo machin ki lou. Imigran yo ap konteste desizyon final sa a epi yo depoze yon pouswit lajistis. Ou kapab jwenn plis enfòmasyon isit la.
ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) gen pou objektif pou bay enfòmasyon ki baze sou reyalite konsènan lwa imigrasyon aktyèl yo. Enfòmasyon sa yo pa konsèy legal.
Tout kontni legal yo ekri epi yo revize legalman pa ekip avoka ekspè nan imigrasyon ASAP yo. Avoka ekspè ASAP yo gen plizyè dizèn ane eksperyans nan lwa imigrasyon ak nan litij. Ansanm, yo genyen plizyè santèn ka. Avoka nou yo gen dwa pou yo pratike lalwa nan plizyè eta Ozetazini, yo gen diplòm nan dwa nan inivèsite tankou Harvard, Yale, ak UCLA, epi yo genyen plizyè pri pou travay legal yo fè.