Ekri pa avoka imigrasyon ekspè ASAP yo · Mizajou nan dat
Èske se pa kote ou rete a? Chèche yon lòt eta.
Men kèk enfòmasyon enpòtan:
Moun k ap chèche azil ki gen yon pemi travay ki valid elijib pou yo gen lisans chofè nan New Mexico, sa gen ladan l lisans chofè REAL ID! Li plis enfòmasyon sou kondisyon yo anba a.
Tout lòt imigran elijib tou pou yo gen lisans chofè nan New Mexico – menmsi ou pa gen yon pemi travay oswa okenn estati imigrasyon! Pou plis enfòmasyon sou kondisyon yo, klike sou lyen sa a nan sit entènèt New Mexico a epi nan òganizasyon United We Dream.
Nan pifò eta yo, pou ou resevwa yon lisans chofè, ou bezwen: pase yon tès ekri, pase yon tès kondwi, pase yon tès vizyon, peye yon frè, epi pote dokiman pou montre ou elijib.
Lisans chofè pou moun k ap chèche azil ki gen pemi travay
Moun k ap chèche azil ki gen yon pemi travay ki valid elijib pou yo gen lisans chofè nan New Mexico!
W ap bezwen:
yon pemi travay ki valid
2 dokiman pou montre adrès lakay ou nan New Mexico
Si ou vle fè demann pou yon lisans chofè REAL ID, w ap bezwen tou yon kat nimewo social security (SSN).
Pou plis enfòmasyon sou kondisyon yo ak frè yo, klike sou lyen sa a pou New Mexico.
Èske mwen ta dwe pote lòt dokiman imigrasyon ki pa nan lis anlè a?
Anplis kat pemi travay ou a, li ka itil pou ou pote prèv ki montre aplikasyon azil ou a toujou an kous – pa egzanp, lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) pou aplikasyon azil ou a oswa yon avi pou yon randevou k ap vini nan tribinal imigrasyon.
Si ou te fè demann pou renouvle pemi travay ou, ou ka pote receipt notice pou aplikasyon renouvèlman an tou. Si ou te fè demann pou renouvle pemi travay ou anvan kat ou genyen kounye a te ekspire, receipt notice ou a se yon prèv ki montre pemi travay ou toujou valid pandan 540 jou apre dat ekspirasyon ki ekri sou li a.
Ki dokiman mwen ta dwe pote pou montre adrès lakay mwen nan eta a?
Pou pwouve ou rete nan eta a, w ap bezwen pote dokiman ofisyèl ki montre adrès lakay ou ak non konplè ou. Kèk egzanp ki kouran se bòdwo sèvis piblik resan (tankou yon bòdwo kouran), kontra lwaye, ak dosye lekòl ofisyèl.
An jeneral, se yon bon lide pou ou pote plizyè dokiman diferan avèk ou, si yo ta refize kèk ladan yo.
Ki kote pou m ale pou m fè demann pou yon lisans chofè?
Biwo kote ou fè demann pou yon lisans chofè a rele an jeneral “Department of Motor Vehicles,” oswa “DMV,” men li ka gen yon non ki yon ti jan diferan tou. Tape non eta ou a ak “Department of Motor Vehicles” nan yon navigatè entènèt tankou Google pou jwenn adrès yo ak enfòmasyon ki pi resan yo.
E si mwen pote tout dokiman mwen bezwen yo men yo di m mwen pa ka jwenn yon lisans chofè?
Si ou se yon moun k ap chèche azil ki gen yon pemi travay ki valid epi ou gen tout dokiman yo mande yo, nou rekòmande pou ou eseye ankò. Ou ka eseye ale nan yon lòt biwo DMV nan eta ou a, oswa menm eseye pale ak yon lòt anplwaye nan menm DMV a.
Kisa mwen bezwen fè ankò, anplis pote dokiman yo?
Nan pifò eta yo, pou ou resevwa yon lisans chofè, ou bezwen tou:
pase yon tès ekri, ki ka disponib nan plizyè lang
pase yon tès kondwi, ki ka mande pou ou pote yon machin
pase yon tès vizyon
peye yon frè
Ka gen lòt kondisyon tou, epi ou ta dwe tcheke sit entènèt eta ou a!
Èske mwen kapab kondui nan yon lòt eta ak lisans mwen an?
Ou kapab kondui nan nenpòt eta Ozetazini ak yon lisans REAL ID ki valid.
Men, si ou gen yon lisans ki pa REAL ID, yo gendwa pa aksepte li nan Florida, New Hampshire, Tennessee, ak Wyoming. Si ou gen youn, konsidere pale ak yon avoka anvan ou kondui nan eta sa yo.
Mwen gen tout dokiman yo, men mwen pa kondui. Èske mwen kapab jwenn yon kat idantite eta a kanmenm?
Si ou pa vle kondui oswa si ou pa pare pou pase tès lisans yo, men ou vle yon kat idantite eta a kanmenm, ou kapab eseye aplike pou yon kat idantite eta a pito. Pifò eta mande menm kalite dokiman pou kat idantite eta a ak pou lisans. An jeneral, ou kapab aplike pou yon kat idantite eta a nan menm biwo kote ou aplike pou yon lisans lan.
Èske mwen kapab jwenn yon lisans REAL ID?
Wi. Nan New Mexico, ou kapab aplike pou yon lisans REAL ID ak dokiman sa yo:
yon pemi travay ki valid
yon kat Social Security
2 dokiman ki montre adrès lakay ou nan New Mexico
Pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa.
Remak: Apati 7 me 2025, granmoun ki gen 18 an oswa plis ap bezwen yon idantite ki satisfè egzijans REAL ID pou yo vwayaje nan avyon anndan peyi Etazini. Pa egzanp, ou kapab sèvi ak yon kat pemi travay, yon paspò Etazini oswa yon lòt peyi, oswa yon lisans ki konfòm ak REAL ID (sa yo gen yon zetwal nan kwen anwo kat la). Ou kapab wè yon lis konplè idantite yo aksepte yo isit la epi repons pou keksyon moun poze souvan isit la.
Èske mwen kapab jwenn yon lisans pou chofè komèsyal (CDL)?
Non. Depi 16 mas 2026, gouvènman ameriken an bloke moun k ap chèche azil ak lòt imigran pou yo pa resevwa nouvo lisans pou chofè komèsyal, ki se lisans espesyal pou kondui gwo machin ki lou. Imigran yo ap konteste desizyon final sa a epi yo depoze yon pouswit lajistis. Ou kapab jwenn plis enfòmasyon isit la.
ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) gen pou objektif pou bay enfòmasyon ki baze sou reyalite konsènan lwa imigrasyon aktyèl yo. Enfòmasyon sa yo se pa konsèy legal.
Tout kontni legal se ekip avoka ekspè nan imigrasyon ASAP la ki ekri yo epi ki revize yo legalman. Avoka ekspè ASAP yo gen plizyè dizèn ane eksperyans nan lwa imigrasyon ak nan litij. Ansanm, yo genyen plizyè santèn ka. Avoka nou yo gen lisans pou yo pratike nan plizyè eta Ozetazini, yo gen diplòm nan dwa nan inivèsite tankou Harvard, Yale, ak UCLA, epi yo genyen plizyè pri pou travay legal yo fè.