Ekri pa avoka imigrasyon ekspè ASAP yo · Mizajou nan dat
Èske se pa kote ou rete a? Chèche yon lòt eta.
Men kèk enfòmasyon enpòtan:
Moun k ap chèche azil ki gen yon pèmi travay ki valid elijib pou yo gen lisans chofè nan Massachusetts, sa enkli lisans chofè REAL ID! Pou plis enfòmasyon sou kondisyon yo, li pi ba a.
Tout lòt imigran elijib tou pou yo gen lisans chofè nan Massachusetts – menmsi ou pa gen yon pèmi travay oswa okenn estati imigrasyon! Pou plis enfòmasyon sou kondisyon yo, klike sou lyen sa a nan sit entènèt Massachusetts la epi nan òganizasyon United We Dream.
Nan pifò eta yo, pou ou resevwa yon lisans chofè, ou bezwen: pase yon tès ekri, pase yon tès kondwi, pase yon tès vizyon, peye yon frè, epi pote dokiman pou montre ou elijib.
Lisans chofè pou moun k ap chèche azil ki gen pèmi travay
Moun k ap chèche azil ki gen pèmi travay ki valid elijib pou yo gen lisans chofè nan Massachusetts!
W ap bezwen:
yon pèmi travay ki valid oswa yon pèmi travay ki ekspire depi mwens pase 36 mwa. Si ou vle aplike pou yon lisans chofè REAL ID, w ap bezwen yon pèmi travay ki valid pou omwen 12 mwa.
yon nimewo social security (SSN)
1 dokiman pou montre adrès lakay ou nan Massachusetts. Si ou vle aplike pou yon lisans chofè REAL ID, w ap bezwen 2 dokiman.
Pou plis enfòmasyon sou kondisyon yo ak frè yo, klike sou lyen sa a pou Massachusetts.
Èske mwen ta dwe pote lòt dokiman imigrasyon ki pa nan lis anwo a?
Anplis kat pemi travay ou a, li ka itil pou w pote prèv ki montre aplikasyon azil ou a toujou annatant – pa egzanp, lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) pou azil la nan men Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini (USCIS) oswa yon avi pou yon randevou k ap vini nan tribinal imigrasyon.
Si ou te aplike pou renouvle pemi travay ou, ou ka pote lèt konfimasyon resepsyon pou aplikasyon renouvèlman w lan tou. Si ou te aplike pou renouvle pemi travay ou anvan kat ou genyen kounye a te ekspire, lèt konfimasyon resepsyon w lan se yon prèv ki montre pemi travay ou toujou valid pou 540 jou apre dat ekspirasyon ki ekri sou li a.
Ki dokiman mwen ta dwe pote pou montre adrès lakay mwen nan eta a?
Pou pwouve ou rete nan eta a, w ap bezwen pote dokiman ofisyèl ki montre adrès lakay ou ak non konplè ou. Kèk egzanp komen gen ladan bòdwo sèvis piblik resan (tankou bòdwo kouran), kontra lwaye, ak dosye lekòl ofisyèl.
An jeneral, se yon bon lide pou w pote plizyè dokiman diferan avèk ou, si ta gen kèk yo pa aksepte.
Ki kote pou m ale pou m aplike pou yon lisans chofè?
Biwo kote w aplike pou yon lisans chofè a rele an jeneral “Department of Motor Vehicles,” oswa “DMV,” men li ka gen yon non ki yon ti jan diferan tou. Tape non eta w la ak “Department of Motor Vehicles” nan yon navigatè entènèt tankou Google pou w jwenn kote yo ye ak enfòmasyon ki pi resan yo.
E si mwen pote tout dokiman mwen bezwen yo men yo di m mwen pa ka jwenn yon lisans chofè?
Si ou se yon moun k ap chèche azil ki gen yon pemi travay valid epi ou gen tout dokiman yo mande yo, nou rekòmande pou w eseye ankò. Ou ka eseye ale nan yon lòt biwo DMV nan eta w la, oswa menm eseye pale ak yon lòt anplwaye nan menm DMV a.
Kisa ankò mwen bezwen fè, anplis pote dokiman yo?
Nan pifò eta yo, pou w resevwa yon lisans chofè, ou bezwen tou:
pase yon egzamen ekri, ki ka disponib nan plizyè lang
pase yon egzamen kondwi, ki ka mande pou w vini ak yon machin
pase yon egzamen vizyon
peye yon frè
Ka gen lòt kondisyon tou, epi ou ta dwe tcheke sit entènèt eta w la!
Èske mwen kapa b kondwi nan yon lòt eta ak lisans chofè mwen an?
An jeneral, ou ka kondwi nan yon lòt eta Ozetazini ak yon lisans chofè ki soti nan nenpòt eta. Men, gen kèk eksepsyon. Florid ak Wyoming ka pa aksepte lisans chofè estanda ki soti nan Massachusetts ki di “Not for Federal ID.” Si w planifye pou w kondwi nan Florid oswa Wyoming, ou ka vle pale ak yon avoka anvan. Jwenn yon avoka isit la.
Mwen gen tout dokiman yo, men mwen pa kondwi. Èske mwen ka toujou jwenn yon kat idantite eta a?
Si ou pa vle kondwi oswa si ou pa pare pou w pase egzamen lisans chofè yo, men ou vle yon kat idantite eta a toujou, ou ka eseye aplike pou yon kat idantite eta a pito. Pifò eta mande menm kalite dokiman pou kat idantite eta a ak pou lisans chofè. An jeneral, ou ka aplike pou yon kat idantite eta a nan menm biwo kote w aplike pou yon lisans chofè a.
Èske mwen ka jwenn yon lisans chofè REAL ID?
Wi. Nan Massachusetts, ou ka aplike pou yon lisans chofè REAL ID ak dokiman sa yo:
yon pemi travay pou omwen 12 mwa
yon kat Social Security
2 dokiman pou montre adrès lakay ou nan Massachusetts
Pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa a.
Nòt: Apati 7 me 2025, granmoun ki gen 18 lane oswa plis ap bezwen yon idantifikasyon ki satisfè egzijans REAL ID pou yo vwayaje nan avyon Ozetazini. Pa egzanp, ou kapab sèvi ak yon kat pemi travay, yon paspò Etazini oswa yon lòt peyi, oswa yon lisans chofè ki konfòm ak REAL ID (sa yo gen yon etwal nan kwen anwo kat la). Ou kapab wè yon lis konplè idantite yo aksepte yo isit la epi repons pou keksyon moun poze souvan isit la.
Èske mwen kapab jwenn yon lisans pou chofè komèsyal (CDL)?
Non. Depi 16 mas 2026, gouvènman ameriken an bloke moun k ap chèche azil ak lòt imigran pou yo pa resevwa nouvo lisans pou chofè komèsyal, ki se lisans espesyal pou kondui gwo machin ki lou. Imigran yo ap konteste règ final sa a epi yo depoze yon pouswit lajistis. Ou kapab jwenn plis enfòmasyon isit la.
ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) vize bay enfòmasyon ki baze sou reyalite konsènan lwa imigrasyon aktyèl yo. Enfòmasyon sa yo se pa konsèy legal.
Tout kontni legal yo ekri epi revize legalman pa ekip avoka ekspè nan imigrasyon ASAP yo. Avoka ekspè ASAP yo gen plizyè dizèn lane eksperyans nan lwa imigrasyon ak nan litij. Kolektivman, yo genyen plizyè santèn ka. Avoka nou yo admèt nan Bawo nan plizyè eta Ozetazini, yo gen diplòm nan dwa nan inivèsite tankou Harvard, Yale, ak UCLA, epi yo genyen plizyè pri pou travay legal yo.