Se avoka imigrasyon ekspè ASAP yo ki ekri sa · Mizajou nan dat
Èske se pa kote ou rete a? Chèche yon lòt eta.
Men kèk enfòmasyon enpòtan:
Moun k ap chèche azil ki gen yon pemi travay ki valid elijib pou yo gen lisans chofè nan Iowa, sa gen ladan l lisans chofè REAL ID! Li plis enfòmasyon sou kondisyon yo anba a.
Si ou gen yon lòt kalite pemi travay oswa yon lòt kalite estati imigrasyon, ou ka elijib pou yon lisans chofè nan Iowa. Pou plis enfòmasyon sou règleman yo, ale sou paj entènèt Iowa a, oswa chèche yon òganizasyon lokal pou mande èd.
Si ou pa gen okenn kalite estati imigrasyon, malerezman ou pa elijib pou yon lisans chofè nan Iowa.
Nan pifò eta, pou w resevwa yon lisans chofè, ou bezwen: pase yon tès ekri, pase yon tès kondwi, pase yon tès vizyon, peye yon frè, epi pote dokiman pou montre ou elijib.
Lisans chofè pou moun k ap chèche azil ki gen pemi travay
Moun k ap chèche azil ki gen pemi travay ki valid elijib pou yo gen lisans chofè nan Iowa!
W ap bezwen:
yon pemi travay ki valid
yon kat sekirite sosyal
2 dokiman pou montre adrès lakay ou nan Iowa
Pou plis enfòmasyon sou kondisyon yo ak frè yo nan Iowa, klike sou lyen sa.
Èske mwen ta dwe pote lòt dokiman imigrasyon ki pa nan lis anlè a?
Anplis kat pemi travay ou a, li ka itil pou w pote prèv ki montre aplikasyon azil ou a ap tann toujou – pa egzanp, lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) pou azil la oswa yon avi pou yon randevou k ap vini nan tribinal imigrasyon.
Si ou te fè demann pou renouvle pemi travay ou, ou ka pote lèt konfimasyon resepsyon an tou pou aplikasyon renouvèlman an. Si ou te fè demann pou renouvle pemi travay ou anvan kat ou genyen kounye a te ekspire, lèt konfimasyon resepsyon an se yon prèv ki montre pemi travay ou toujou valid pandan 540 jou apre dat ekspirasyon ki ekri sou li a.
Ki dokiman mwen ta dwe pote pou montre adrès lakay mwen nan eta a?
Pou pwouve ou rete nan eta a, w ap bezwen pote dokiman ofisyèl ki montre adrès lakay ou ak non konplè ou. Kèk egzanp komen se bòdwo sèvis piblik resan (tankou yon bòdwo kouran), kontra lwaye, ak dosye lekòl ofisyèl.
An jeneral, se yon bon lide pou w pote plizyè dokiman diferan avèk ou, si yo ta refize kèk ladan yo.
Ki kote pou m ale pou m fè demann pou yon lisans chofè?
Biwo kote w ap fè demann pou yon lisans chofè a rele an jeneral “Department of Motor Vehicles,” oswa “DMV,” men li ka gen yon non ki yon ti jan diferan tou. Tape non eta w la ak “Department of Motor Vehicles” nan yon navigatè entènèt tankou Google pou w jwenn adrès yo ak enfòmasyon ki pi resan yo.
E si mwen pote tout dokiman mwen bezwen yo men yo di m mwen pa ka jwenn yon lisans chofè?
Si ou se yon moun k ap chèche azil ki gen yon pemi travay ki valid epi ou gen tout dokiman yo mande yo, nou rekòmande pou w eseye ankò. Ou ka eseye ale nan yon lòt biwo DMV nan eta w la, oswa menm eseye pale ak yon lòt anplwaye nan menm DMV a.
Ki lòt bagay mwen bezwen fè, anplis pote dokiman yo?
Nan pifò eta, pou w resevwa yon lisans chofè, ou bezwen tou:
pase yon tès ekri, ki ka disponib nan plizyè lang
pase yon tès kondwi, ki ka mande pou w vini ak yon machin
pase yon tès vizyon
peye yon frè
Ka gen lòt kondisyon tou, epi ou ta dwe tcheke paj entènèt eta w la!
Èske mwen kapa b kondui nan yon lòt eta ak lisans mwen an?
Si ou gen yon lisans chofè ki soti Iowa, ou ta dwe kapab sèvi avè l pou w kondui nan nenpòt eta Ozetazini.
Mwen gen tout dokiman yo, men mwen pa kondui. Èske mwen ka toujou jwenn yon kat idantite eta a?
Si ou pa vle kondui oswa si ou pa pare pou w pase tès lisans chofè yo, men ou vle yon kat idantite eta a toujou, ou ka eseye aplike pou yon kat idantite eta a pito. Pifò eta mande menm kalite dokiman pou kat idantite eta a ak pou lisans chofè. An jeneral, ou ka aplike pou yon kat idantite eta a nan menm biwo kote ou aplike pou yon lisans chofè a.
Èske mwen ka jwenn yon lisans chofè REAL ID (REAL ID)?
Wi. Nan Iowa, ou ka aplike pou yon lisans chofè REAL ID ak menm dokiman ki nan lis anwo a.
Nòt: Apati 7 me 2025, granmoun ki gen 18 an oswa plis ap bezwen yon idantite ki satisfè egzijans REAL ID pou yo vwayaje nan avyon anndan peyi Etazini. Pa egzanp, ou ka sèvi ak yon kat pemi travay, yon paspò Etazini oswa yon lòt peyi, oswa yon lisans chofè ki konfòm ak REAL ID (sa yo gen yon zetwal nan kwen anwo kat la). Ou ka wè yon lis konplè idantite yo aksepte isit la epi repons pou kesyon moun poze souvan isit la.
Èske mwen ka jwenn yon lisans pou chofè komèsyal (CDL)?
Non. Depi 16 mas 2026, gouvènman ameriken an bloke moun k ap chèche azil ak lòt imigran pou yo pa resevwa nouvo lisans chofè komèsyal, ki se lisans espesyal pou kondui gwo machin ki lou. Imigran yo ap konteste règ final sa a epi yo depoze yon pouswit lajistis. Ou ka jwenn plis enfòmasyon isit la.
ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) vize bay enfòmasyon ki baze sou reyalite konsènan lwa imigrasyon aktyèl yo. Enfòmasyon sa yo se pa konsèy legal.
Tout kontni legal se ekip avoka ekspè nan imigrasyon ASAP la ki ekri yo epi ki revize yo legalman. Avoka ekspè ASAP yo gen plizyè dizèn ane eksperyans nan lwa imigrasyon ak nan litij. Kolektivman, yo genyen plizyè santèn ka. Avoka nou yo gen lisans pou yo pratike nan plizyè eta Ozetazini, yo gen diplòm nan dwa nan inivèsite tankou Harvard, Yale, ak UCLA, epi yo genyen plizyè pri pou travay legal yo fè.