Ekri pa avoka imigrasyon ekspè ASAP yo · Mizajou nan dat
Èske se pa kote ou rete a? Chèche yon lòt eta.
Men kèk enfòmasyon enpòtan:
Moun k ap chèche azil ki gen yon pemi travay ki valid elijib pou yo gen lisans chofè nan Georgia, sa gen ladan l lisans chofè REAL ID! Li plis enfòmasyon sou kondisyon yo anba a.
Si ou gen yon lòt kalite pemi travay oswa yon lòt kalite estati imigrasyon, ou kapa b elijib pou yon lisans chofè nan Georgia. Pou plis enfòmasyon sou règleman yo, klike sou lyen sa a ki mennen sou paj entènèt an Georgia a, oswa chèche yon òganizasyon lokal pou mande èd.
Si ou pa gen okenn kalite estati imigrasyon, malerezman ou pa elijib pou yon lisans chofè nan Georgia.
Nan pifò eta yo, pou ou resevwa yon lisans chofè, ou bezwen: pase yon tès ekri, pase yon tès kondwi, pase yon tès vizyon, peye yon frè, epi pote dokiman pou montre ou elijib.
Lisans chofè pou moun k ap chèche azil ki gen pemi travay
Moun k ap chèche azil ki gen pemi travay ki valid elijib pou yo gen lisans chofè nan Georgia!
W ap bezwen:
yon pemi travay ki valid
yon kat nimewo social security (SSN)
2 dokiman pou montre adrès lakay ou nan Georgia
Pou plis enfòmasyon sou kondisyon yo ak frè yo, klike sou lyen sa a pou Georgia.
Èske mwen ta dwe pote lòt dokiman imigrasyon ki pa nan lis anlè a?
Anplis kat pemi travay ou a, li kapa b itil pou ou pote prèv ki montre aplikasyon azil ou a toujou ankou – pa egzanp, lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) pou azil la oswa yon avi pou yon randevou k ap vini nan tribinal imigrasyon.
Si ou te fè aplikasyon pou renouvle pemi travay ou, ou kapa b pote lèt resi pou aplikasyon renouvèlman an tou. Si ou te aplike pou renouvle pemi travay ou anvan kat ou genyen kounye a te ekspire, lèt resi ou a se yon prèv ki montre pemi travay ou a toujou valid pou 540 jou apre dat ekspirasyon ki ekri sou li a.
Ki dokiman mwen ta dwe pote pou montre adrès lakay mwen nan eta a?
Pou pwouve ou rete nan eta a, w ap bezwen pote dokiman ofisyèl ki montre adrès lakay ou ak non konplè ou. Kèk egzanp komen gen ladan bòdwo sèvis piblik resan (tankou bòdwo kouran), kontra lokasyon, ak dosye lekòl ofisyèl.
An jeneral, se yon bon lide pou ou pote plizyè dokiman diferan avèk ou, si yo ta refize kèk ladan yo.
Ki kote pou m ale pou m aplike pou yon lisans chofè?
Biwo kote ou aplike pou yon lisans chofè a rele an jeneral “Department of Motor Vehicles,” oswa “DMV,” men li kapa b gen yon non ki yon ti jan diferan tou. Tape non eta ou a ak “Department of Motor Vehicles” nan yon navigatè entènèt tankou Google pou jwenn adrès yo ak enfòmasyon ki pi resan yo.
E si mwen pote tout dokiman mwen bezwen yo men yo di m mwen pa kapa b jwenn yon lisans chofè?
Si ou se yon moun k ap chèche azil ki gen yon pemi travay ki valid epi ou gen tout dokiman yo mande yo, nou rekòmande pou ou eseye ankò. Ou kapa b eseye ale nan yon lòt biwo DMV nan eta ou a, oswa menm eseye pale ak yon lòt anplwaye nan menm DMV a.
Kisa pou m fè ankò, anplis pote dokiman yo?
Nan pifò eta yo, pou ou resevwa yon lisans chofè, ou bezwen tou:
pase yon tès ekri, ki kapa b disponib nan plizyè lang
pase yon tès kondwi, ki kapa b mande pou ou vini ak yon machin
pase yon tès vizyon
peye yon frè
Ka gen lòt kondisyon tou, epi ou ta dwe tcheke paj entènèt eta ou a!
Èske mwen kapab kondui nan yon lòt eta ak lisans mwen an?
Ou kapab kondui nan nenpòt eta Ozetazini ak yon lisans REAL ID ki valid.
Men, si ou gen yon lisans ki pa yon REAL ID, yo ka pa aksepte li nan Florida, New Hampshire, Tennessee, ak Wyoming. Si ou gen youn, konsidere pale ak yon avoka anvan ou kondui nan eta sa yo.
Mwen gen tout dokiman yo, men mwen pa kondui. Èske mwen kapab toujou jwenn yon kat idantite eta a?
Si ou pa vle kondui oswa si ou pa pare pou pase tès lisans yo, men ou vle gen yon kat idantite eta a toujou, ou kapab eseye aplike pou yon kat idantite eta a pito. Pifò eta mande menm kalite dokiman pou kat idantite eta a ak pou lisans. An jeneral, ou kapab aplike pou yon kat idantite eta a nan menm biwo kote ou aplike pou yon lisans lan.
Èske mwen kapab jwenn yon lisans REAL ID?
Wi. Nan Georgia, ou kapab aplike pou yon lisans REAL ID ak menm dokiman ki nan lis anwo a.
Remak: Apati 7 me 2025, granmoun ki gen 18 an oswa plis ap bezwen yon idantite ki satisfè egzijans REAL ID pou yo vwayaje nan avyon anndan peyi Etazini. Pa egzanp, ou kapab sèvi ak yon kat pemi travay, yon paspò Etazini oswa yon lòt peyi, oswa yon lisans ki konfòm ak REAL ID (sa yo gen yon zetwal nan kwen anwo kat la). Ou kapab wè yon lis konplè idantite yo aksepte isit la epi repons pou keksyon moun poze souvan isit la.
Èske mwen kapab jwenn yon lisans pou chofè komèsyal (CDL)?
Non. Depi 16 mas 2026, gouvènman ameriken an bloke moun k ap chèche azil ak lòt imigran pou yo pa resevwa nouvo lisans pou chofè komèsyal, ki se lisans espesyal pou kondui gwo machin ki lou. Imigran yo ap konteste desizyon final sa a epi yo depoze yon pouswit lajistis. Ou kapab jwenn plis enfòmasyon isit la.
ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) gen pou objektif pou bay enfòmasyon ki baze sou reyalite konsènan lwa imigrasyon aktyèl yo. Enfòmasyon sa yo se pa konsèy legal.
Tout kontni legal se ekip avoka ekspè nan imigrasyon ASAP la ki ekri yo epi ki revize yo legalman. Avoka ekspè ASAP yo gen plizyè dizèn ane eksperyans nan lwa imigrasyon ak nan litij. Ansanm, yo genyen plizyè santèn ka. Avoka nou yo gen lisans pou yo pratike nan plizyè eta Ozetazini, yo gen diplòm nan dwa nan inivèsite tankou Harvard, Yale, ak UCLA, epi yo genyen plizyè pri pou travay legal yo fè.